Menu

Home
Opinyon ak Nouvèl
Biyografi
Sèvis pou Elektè yo
Alokasyon
Sou 23yèm Distrik Florid la
Sant pou Etidyan
Galri Foto
Kpneksyon
Kontakte
Newsletter SignupHastings Heroes
Home arrow Sèvis pou Elektè yo
Sèvis pou Elektè yo

Objektif mwen, kòm Reprezantan w, se ba ou pi bon sèvis mwen kapab bay elektè mwen yo.

Èske se enfòmasyon ou bezwen sou alokasyon federal yo oswa sou lajan yo prete moun pou ale nan inivèsite? Èske se asistans ou bezwen pou zafè imigrasyon, oswa pou sekirite sosyal, oswa pou Medicare, oswa pou kesyon kay, oswa pou sèvis medikal pou moun ki te sèvi nan militè? Èske se yon drapo ki te flote sou tèt Kapitòl Etazini a ou ta renmen achte? Oubyen ou kapab bezwen repons sou kesyon ou genyen sou biznis ou, oswa ou kapab bezwen enfòmasyon sou yon vwayaj ou pral fè pou ale Sid Florid oubyen Washington, DC. Mwen ta swete ou kapab jwenn repons nan koneksyon Entènèt sa a pou kesyon ki ekri pi wo la yo, ak pou anpil lòt kesyon ankò.

  • Asistans ak Ajans Federal yo. Biwo mwen genyen nan Sid Florid yo kapab ede w nan pwoblèm ou ta genyen ak yon ajans federal oswa ak pwogram federal tankou: Administrasyon Sekirite Sosyal, Medicare, Administrasyon Veteran, oswa nenpòt ki branch nan Lame, oswa Sèvis Kontribisyon Ameriken (IRS), Depatman Deta, Biwo Imigrasyon ak Natiralizasyon, Sèvis Lapòs Etazini, elatriye... Pou plis enfòmasyon sou jan biwo mwen an kapab ede w, klike isit la.
  • Asistans ak Sèvis Imigrasyon. Biwo mwen genyen nan Sid Florid yo kapab ede w okipe zafè w ak Biwo Nasyonalite ak Sèvis Imigrasyon an. Pou wè kouman ou ka jwenn asistans, klike isit la.
  • Asistans pou Jwenn Lajan Prete pou Lekòl. Kòm papa twa timoun, mwen fè esperyans ki montre m kouman sa kapab difisil epi sa konn bay anpil traka pou jwenn lajan pou peye inivèsite ak lekòl pou diplòm siperyè yo. Sèlman, mwen vin konnen moun ka jwenn asistans. Pou wè kouman ou ka jwenn asistans nan peye inivèsite, klike isit la.
  • Pou Moun ki Bezwen Drapo. Drapo ameriken an se yon senbòl inite nasyonal nou. Li sèvi kòm enspirasyon pou tout moun ki kwè nan libète nou jwenn isit yo, nan Etazini. Pou kòmande yon drapo ki te flote sou tèt Kapitòl Etazini an, klike isit la.
  • Gid pou Vizitè nan Washington. Èske ou pral pran dispozisyon pou vizite Washington DC anvan lontan? Biwo m nan Washington lan kapab ede w pwograme yon vizit gide nan Kapitòl Etazini, nan Bibliyotèk Kongrè, nan Palè Blanch lan, nan Sant Kennedy, klike isit la.

 

 

 
   Copyright � 2007 23rd Congressional District of Florida