Menu

Home
Opinyon ak Nouvèl
Biyografi
Sèvis pou Elektè yo
Alokasyon
Sou 23yèm Distrik Florid la
Sant pou Etidyan
Galri Foto
Kpneksyon
Kontakte
Newsletter SignupHastings Heroes
Asistans ak Sèvis Imigrasyon

Biwo mwen genyen nan Sid Florid yo kapab ede w okipe zafè w ak Biwo Nasyonalite ak Sèvis Imigrasyon an (USCIS). Pou pran randevou pou w pale ak yon anplwaye nan biwo mwen an, ou mèt kontakte biwo mwen ki nan Ft. Lauderdale la (954-733-2800) oswa biwo men ki nan West Palm Beach la (561-684-0565). Ou kapab genyen pou w reponn kesyon ki nan yon Fòm sou Konfidansyalite pou biwo mwen an kapab ede w.

Kounye a BCIS la pèmèt fè aplikasyon sou Entènèt
Kounye a, Biwo Nasyonalite ak Sèvis Imigrasyon an pèmèt moun fè aplikasyon sou Entènèt pou renouvle oswa ranplase Kat Rezidans Pèmanan (Fòm I-90) oswa Kat Otorizasyon Travay (Fòm I-765). Rezon pou aplikasyon sou Entènèt la, se pou pèmèt okipe aplikasyon yo pi vit, ak pou fè moun tann mwen lontan nan biwo Distrik Miami a. Moun kapab fè aplikasyon sou Entènèt epi pran yon randevou pou ale nan Sant Sipò pou Aplikasyon an (Application Support Center) pou remèt yon foto elektwonik, epi pou yo siyen ak fè pran anprent dijital yo. Si yon kliyan gen yon ka an sispan, oswa si l fè aplikasyon sou Entènèt, li mèt gade sou Entènèt pou wè ki kote yo rive ak aplikasyon an.

Pou jwenn sèvis sa yo, ale nan paj Entènèt la epi klike sou "Electronic Filing" [Aplikasyon Elektwonik], epi klike sou aplikasyon ou bezwen fè a, epi koumanse. Pou fin fè tout bagay ou bezwen fè pou aplikasyon an, telefone Sant Nasyonal pou Sèvis Kliyan an (National Customer Service Center) nan nimewo 1-800-375-5283 pou pran randevou pou remèt foto w, epi pou w siyen, epi pou fè yo pran anprent dijital ou.

Pou pran yon randevou sou Entènèt ak yon ajan USCIS, klike isit la..

 

 
   Copyright � 2007 23rd Congressional District of Florida