Menu

Home
Opinyon ak Nouvèl
Biyografi
Sèvis pou Elektè yo
Alokasyon
Sou 23yèm Distrik Florid la
Sant pou Etidyan
Galri Foto
Kpneksyon
Kontakte
Newsletter SignupHastings Heroes
Asistans ak Ajans Federal yo

Biwo mwen genyen nan Sid Florid yo kapab ede w ak pwoblèm ou ka genyen ak yon ajans federal oswa yon pwogram federal tankou: Administrasyon Sekirite Sosyal, Medicare, Administrasyon Veteran, oswa nenpòt ki branch nan Lame, oswa Sèvis Kontribisyon Ameriken (IRS), Depatman Deta, Biwo Imigrasyon ak Natiralizasyon, Sèvis Lapòs Etazini, elatriye...

Pou biwo m lan kapab kontakte yon ajans federal pou ou, li pral bezwen ou ba li yon lèt ki di ou mande l ede w nan sa. Lèt la dwe genyen tout enfòmasyon ki an rapò ak pwoblèm ou an, ansanm ak tout nimewo idantifikasyon ki nesesè yo. Pase pou w ta voye yon lèt, biwo mwen an kapab ba ou yon Fòm sou Lwa Konfidansyèl la pou w reponn keyson yo mande ladan l yo.

Apre lèt la rive, gen yon anplwaye nan biwo mwen an ki pral kontakte ajans lan, epi li pral fè w konnen ki pwogrè k ap fèt sou dosye a. Nòmalman sa pran ant 6 ak 8 semenn pou biwo mwen an resevwa yon repons ki soti nan ajans lan, men gen kèk pwoblèm ki kapab regle pi vit pase sa. Men nan kisa moun konn mande asistans:

Requests for assistance include-

 

 
   Copyright � 2007 23rd Congressional District of Florida