Menu

Home
Opinyon ak Nouvèl
Biyografi
Sèvis pou Elektè yo
Alokasyon
Sou 23yèm Distrik Florid la
Sant pou Etidyan
Galri Foto
Kpneksyon
Kontakte
Newsletter SignupHastings Heroes
Transkripsyon Videy

"Bonjou, mwen se Kongresman Alcee Hastings. Mwen kontan resevwa w sou sit wèb ofisyèl mwen an. Se yon onè pou mwen dèske mwen reprezante moun ki nan 23yèm Distrik Florid la, epi mwen fyè dèske m ap fè sèvis sa a pou elektè mwen yo. Mwen ta kontan si vizit ou a enteresan pou ou ak si ou jwenn bon jan enfòmasyon isit la.

"Pandan vizit sa a, ou kapab aprann kote mwen kanpe sou kesyon ki enpòtan pou oumenm ak pou fanmi w. Ou ka jwenn enfòmasyon sou jan mwen kapab ede w si w gen pwoblèm ak yon ajans federal, epi ou kapab aprann kouman yon moun ka vin yon estajyè nan Kongrè. Ou kapab aprann tou kouman ou kapab fè aplikasyon pou antre nan yon akademi militè Etazini, epi ou kapab gade dosye ki montre kouman mwen vote nan Lachanm Depite yo.

"Epi tou, sit wèb mwen an bay rezidan 23yèm distrik yo yon chans pou ekri mwen, epi pou fè konnen lide yo sou nenpòt ki kesyon yo chwazi.

"Mwen konseye w tou pou w siyen pou resevwa bilten nouvèl mwen voye bay moun chak mwa nan kourye elektwonik la. Chak mwen, mwen pral voye yon kourye elektwonik ba ou pou di w ki travay mwen fè pou ou.

"Yon fwa ankò, mwen di w mèsi pou vizit ou vin fè sou sit wèb ofisyèl mwen an. Mwen ta kontan si vizit la enteresan pou ou, epi mwen ta renmen ou retounen anvan lontan!"

 

 
   Copyright � 2007 23rd Congressional District of Florida