Menu

Home
Opinyon ak Nouvèl
Biyografi
Sèvis pou Elektè yo
Alokasyon
Sou 23yèm Distrik Florid la
Sant pou Etidyan
Galri Foto
Kpneksyon
Kontakte
Newsletter SignupHastings Heroes
Home arrow Biyografi
Biyografi

Kòm reprezantan Eta Florid, kote li te fèt la, Alcee L. Hastings ap sèvi nan Kongrè pou Distrik 23, ki genyen ladan l moso nan konte sa yo: Broward, Palm Beach, Hendry, Martin, ak St. Lucie. Premye fwa Depite Hastings te genyen nan eleksyon, se te an 1992 epi dènye fwa li te genyen nan eleksyon ankò a, se te an 2002, lè li te resevwa 77% nan vòt yo. Li te fèt nan Altamonte Springs, epi li te ale nan lekòl piblik nan Florid, epi li te diplome an 1958 nan Fisk University. Li te pran yon diplòm avoka nan Florida A&M University nan Tallahassee, nan Florid.

Gen anpil moun ki rele Alcee Hastings "Jij" la. Li te fè bèl travay kòm avoka, kòm militan dwa sivik, kòm jij, epi kounye a kòm manm nan Kongrè. Lè prezidan Jimmy Carter te nonmen l an 1979, li te premye Ameriken Nwa ki te jij federal nan Eta Florid la, epi li te travay pandan 10 an nan plas sa a. Depi li te genyen eleksyon pou l sèvi nan Kongrè kòm premye Ameriken Nwa ki te soti Florid depi peryòd Lagè Sivil la, Depite Hastings te toujou montre konviksyon l pou fè peyi nou an gen plis sekirite; pou fè sistèm elektoral nou an pi fasil ak pi onèt; pou bay moun ki nan ti komès avantaj nan taks; pou ogmante kredi sou taks pou moun k ap travay [Earned Income Tax credit]; pou òganize fòmasyon pou travay ak edikasyon pou travayè ki deplase; pou elimine zam ki sèvi nan atak; pou finanse pwogram "Head Start" epi lòt pwogram edikasyon; pou fè Sekirite Sosyal tounen yon ajans endepandan; epi pou pèmèt tout travayè benefisye konje pou zafè fanmi ak pou rezon sante yo. Nan tout peyi, yo konnen Hastings kòm yon ekspè nan politik entènasyonal, ki te prezante lejislasyon ki ankouraje diplomasi anvan aksyon militè pou rezoud konfli ak peyi ki devlope, epi ak peyi ki an devlopman. Depi tout tan, Depite Hastings toujou defann dwa minorite, dwa fanm, dwa moun ki gen apil laj, dwa timoun, ak dwa imigre.

Depite Hastings se yon manm nan "House Rules Committee" (Komite Chanm Depite sou Règleman), yon komite ki gen anpil pouvwa, epi li se yon manm enpòtan nan "House Permanent Select Committee on Intelligence" (HPSCI) (Komite Espesyal Pèmanan Chanm Depite sou Ransèyman). Nan komite HPSCI a, Hastings se manm Demokrat ki pi wo nan Soukomite sou Kesyon Teworis ak Sekirite Enteryè a (Subcommittee on Terrorism and Homeland Security). Soukomite sou Kesyon Teworis la se premye komite nan Kongrè ki sipèvize pwogram ak aktivite ransèyman ki gen rapò ak sekirite teritwa Etazini epi ak lit kont teworis, sa ki vle di kapasite, resous, règleman, ak pwosedi yo.

Kòm pi ansyen siveyan [Whip] nan pami depite Demokrat yo, Hastings se yon manm ki gen anpil infliyans nan lidèchip Demokrat la. Depite a sèvi tou kòm youn nan kat Demokrat sèlman ki nan Chanm Depite yo, nan Komisyon Etazini sou Helsinki a. Hastings travay men nan men ak kòlèg li yo nan Florid kòm vis prezidan Delegasyon Florid la. Apre Depite Hastings te fè bon travay nan politik entènasyonal, yo te chwazi l pou reprezante Kongrè Etazini nan Asanble Palmantè nan OSCE (Òganizasyon pou Sekirite ak Kowoperasyon ann Ewòp), kote l ap sèvi kòm vis prezidan. Pa gen lontan, Hastings te sèvi kòm vis prezidan nan "Democratic Select Committee on Election Reform" (Komite Demokratik Espesyal sou Refòm nan Eleksyon).

Depite Hastings resevwa twòp distenksyon pou nou ta kapab nonmen tout, epi yo soti nan tout kote nan peyi a, ak nan tout peyi etranje. Nan kesyon gouvènman, li gen yon filozifi ki senp: li gen konviksyon moun kapab rive fè pwogrè ak chanjman si youn respekte lòt; li kwè tout moun ak tout kominote kapab fè yon efò pou yo gade pi lwen pase ti enterè yo; epi li kwè tout peyi sou latè kapab fè yon jan pou youn konprann lòt pi byen.

 

 
   Copyright � 2007 23rd Congressional District of Florida